Administrator Login
Home   View Recent Listings   Newsletter 

08/07/07

Watch for news in English and Creole here.

Son light missions ap envite tout moun toupatou vin vizite sit li a, pou we sa kap pase Lakolin (La Colline) ak sa kap pase nan Son Light.

 1) Lopital Son Light ap travay anpil nan zafe ede moun jwenn ameliorasyon sou keksyon lasante.  Prezans Son Light an Ayiti (Haiti) spesyalman Lakolin, se ede tout moun ki pa kapab.

                     2) Legliz Son Light Missions ap kolabore nan ede moun jwenn prezans Bondye.

 3) Lekol La force Divine (Son Light Missions) ap kontribye li menm tou nan ede timoun jwenn bon jan edikasyon; Sosyal, kiltirel, relijyez, ak lot anko.  Ane sa a, nou gen yon nouvel konstriksyon, ou kapab gadel sou imaj la.  Nou genyen tou nan lekol sa a yon nouvel seksyon segonde ( a new High school).  Li gen 3 klas: 7e A.F, 8e A.F, 9e A.F oubyen 6e segonde, 5e segonde, 4e segonde.

 4) Son Light Gen yon pwogram sponsorizasyon pou tout elev lekol yo. Sa vle di: Son Light vle pou tout timoun ki lekol nan Misyon an benefisye sipo. Nou deja komanse l nan nivo prime a, e nou gen plan mete segonde a nan pwogram sa a tou.  Nan objektif sa a, nap envitew vizite sit nou an chak jou, epi ale nan paj sponsor a: Sponsor A Child gade e we si w vle sponsorize yon timoun. Petet ou ka gen timoun fanmi w ladan yo tou, men ak ed ou Misyon an kapab fe tout sa li vle fe.

                                                         http://sonlightmissions.com/sponsors/index.php klike isi pou ouve paj sponso a.

Copyright 2007, Son Light Missions Lacolline